
Kèk fwa, akoz move pakou ak santiman akokiye, lògèy konn jete wouy sou sa n ap konstwi. Nan jwèt plen kè nou rabouch ak pwomès byen lou, anpil rèv ki gen twòp chay sou do yo konn rive fè aksidan sou wout la, yo pise san sou konn kochon y ap kòche. Lè konsa nou djayi, menm rele anmwey, eseye tout mwayen pou peze konsyans chagren. Apre kèk tan, nou chanje po sou konn fèy nan bwa, pafwa nou fè kòmsi sa pa t anyen pandan anndan nou ap doulè a ap fè wondonmon. Lè sa rive, genyen tou ki deside y ap jouke kè yo byen wo, men yo bliye si toujou gen gòl pou keyi l kenpòt si li ta twouve l pami yon touf zetwal.
Nou frape lestomak nou, chante kantamwa kont nou nan zorèy douvanjou, di n pa gen dwa mache kòtakòt ak bagay konsa ankò. E poutèt linosans konn kaye nan je tilèzanj, nou di se sa ki fè malfektè konn degobye sou li, kidonk nou aprann. Nou di byen wo nou pa ounsi ki rete ak oungan, nou kalonnen santiman tisina wòch nan tout po tèt yo. Nou di nou p ap tounen nan chimen sa ankò, men se kòmsi n t ap repete :
» Rat, rat, rat… men yon bèl dan m voye ba ou, voye on vye vye dan pouri ban mwen. «
Enpi sanzatann konsa yon souri, yon rega, yon koneksyon chache chimen anba po nou pou rive jouk nan mwèl. Nou jwenn siyal tankou lè lanjelis kanpe sou tèt katedral ap rele machann byen lwen pou yo pran lawout. Alòs nou sanble sonje gras ak zetensèl k ap vole nan je nou, gwo boukan dife ka limen drèt nan mitan nou. Bridsoukou nanm nou deside mete l toutouni (ankò), santiman antre tèt drèt san frape. Ak men ki lonje a nou pataje doulè yo, lapenn yo ak lajwa yo fifti-fifti, san konte ni dòlote gwo mak tan pase yo kite. Yon sèl kou, nou santi nou brav. Dayè si se loray ki nouri nou, si se zèklè ki fè elektrik nan nou, kisa nou ka pè ankò ?
Sa vin fè tout fraz nou yo gen souf pou kreye letènite, kenpòt si nou pa ta vle nouvèl la kouri sou tout do tòl.
« Se ou ki founi forè m. Ponpe san nan venn tout kò loseyan m. Si m pèdi fren nan ou, se paske m sèten p ap gen tèt kase. Dayè nan peyi w pa gen jou malè pou lèt kaye ta kase tèt mwen. Se paske sèl aksidan m s on grenn sik ki pase antravè nan gòjèt mwen. M konn bri pye tout sous ki pete nan kò w, nan je w, nan mitan janm ou, men m pa fouti mare yo mwen sèl ankò lè yo tanmen kase kòd. «
Se konsa nou deside pote pasyon tankou drapo nou, pandan lonbray derizyon ap fè n grimas. Men nou rete kwè -m p ap ban nou tò- nou pyeje lanmou e li paka chape poul li. Menm si anvi bandonnen ta kenbe nou ragagann nou pa lage ba li, paske nou santi n ewo, nou fò, nou bèl, nou badijonnen ak sèt koulè lakansyèl…
Si w santi w konsa, konnen se peryòd donn lanmou ki tounen, konnen yon lòt sezon renmen rive !
Witensky Lauvince