
Lannwit lan gen gou pa l men sa ki pi rèd se lè lanjelis ap leve ak tout sant lannwit sou po li. Lè konsa, maten yo vin pèdi klate, yo tonbe nan tanpri souple pou jwenn mòso limyè kolepyese. Sik la boulvèse. Tan an chavire. Men nan mitan tout loray ki fleri, gen men kanmenm ki lonje, menmsi pwomès douvanjou souvan paka kenbe fòm. Kilès nou ye pou n jije yo? Si lajwa fè fayit, eske se move moman yo pou n poze kesyon?
Youn nan pi move santiman legzistans ka enflije se enpisans. Fas a soufrans tchovi k ap tann moso lalin. Fas a enjistis k ap degobye nan fige pechèdlatè. Fas a chagren kèk pwòch. Fas a sa k ap bouyi anndan tou.
Mande nou pouki, men nou pa renmen parèt twòp. Petèt paske n konnen si gen figi blanch se plis nan limyè y ap wè li. Sa pa vle di se nan fènwa n ap envesti. Non. Se de pwa de mezi! Nou pa renmen gwo gòj. Nou renmen ti vi trankil, apa : gwòg, plim, liv, moun nou renmen, ti plezi nou… Nou asire foli nou yo se nou yo manje lè yo dechennen. E plis n ap grandi plis n ap konprann pouki depi piti nou pito kalite pase kantite.
Nou konn renmen. Men kilès k ap ka di n pa kite èn donnen nan kè n? Sèl bagay : nou toujou asire n kè nou pa janm depase dimansyon tèt nou, sof petèt pou akeyi tout moun nou renmen yo. Nou pa janm gen pretansyon bon moun, dayè deja nou se “lòm” ak tout sa l enplike. Tout tò nou yo nan pòch nanm nou e kou Powèt la te di l : « Nou pre pou nou reponn zak nou devan Bawon! » Nou pran, nou bay, nou kriye, nou ri, nou penmèt tèt nou erè yo. Se sa k fè nou moun. Men nou toujou chwazi pa louvri pòt pou regrè. Kisa yo itil? Nan mitan tout sa yo nou eseye asire nou prensip nou bay tèt nou yo kanpe drèt kou ke makak plis ke posib.
Sou chimen an, lò nou jwenn lanmou, nou rejwi, nou kontan. Lè n pa jwenn, nou pa fache paske n konnen kisa sa pran. Wi, se toujou menm prensip lan : si yo ban nou n ap di mèsi, yo pa ba nou nou p ap plenyen. (Paske pèsonn pa dwe nou). Nou pa janm pran plezi jwe viktim. Men mal lan konn la, l ap wonje se nou ki pou pote l sou do. Pafwa li pa gen mo pou l pale, se silans ki toufe l, mete l mi. Kèk fwa lè l kreve, larivyè desann ap twòp fòs, anyen paka bare l. Rèl yo konn fò men pèsonn pa tande, e dlo je yo wouze mak doulè ki boujonnen.
Youn nan pi gwo akonplisman nou se pa janm gen pwoblèm rete ak tèt nou. Lè chagren ap trase vèvè toupatou anndan nou, lè nou bezwen sa, lè bri mond lan vle chita anndan nou, lè nou dwe pale ak tèt nou paske se sèl nou ki konprann.
Depi lò nou te koumanse, tout sa nou ekri toujou g on mòso nanm nou, yon mòso nan nou. Nou aksepte pa gen lòt mwayen pou n kontinye egziste. Nou goumen ak demon n yo souvan men pafwa se yo menm ki chante pou nou dòmi. Nou fè lespwa kenbe men n sou wout la, nan li nou jwenn yon bon kavalye. Lespwa demen va pi bèl pou lòt tchovi yo. Lespwa demen koulè vèt va donnen tout kote.
Tèks sila a se petèt pou raple nou Powèt la konn boule tèt li pou ofri nou limyè, konn bwè pwòp doulè l pou ede nou mete pa nou deyò. Se petèt pou raple nou Powèt la, ak mak lavi sou po li, ka yon grenn zetwal brize k ap viv ak mòso pasipala. Alòs si nou ta kwaze youn, pa bliye mete yon powèm nan men goch li souple. Si li ta trepase avan solèy leve, si li pa ta rive bay lanjelis lanmen ankò, n a va simen mo sila yo sou tonm li.
Witensky Lauvince